Ale nan kontni prensipal la

Pwogram Sibvansyon pou Relokasyon Biznis Gowanus

Konsènan Pwogram nan

Yo te kreye Pwogram Sibvansyon pou Relokasyon Biznis Gowanus la pou ede ti biznis ki te deplase epi ki te sibi yon pèt dirèk akoz rezonaj vil la te fè nan zòn Gowanus nan Brooklyn.

Jiska 2031, biznis ki kalifye yo ka kalifye pou resevwa yon sibvansyon pou ede konpanse depans relokasyon ki enplike nan demenaje soti nan Zòn Biznis Gowanus la pou ale nan yon sit demenajman ki kalifye nan Vil Nouyòk.

Sibvansyon yo p ap depase $50,000 epi yo depann de finansman ki disponib.

 

Kondisyon pou Kalifikasyon

Biznis yo ka aplike pou yon sibvansyon lè yo soumèt yon aplikasyon konplè bay Depatman Sèvis pou Ti Biznis nan NYC ( SBS ).

Aplikan yo dwe nan blòk ak teren ki deziyen pou zòn ki chanje zonaj la epi demontre kalifikasyon yo yon fason ki satisfezan pou SBS .

Dokiman enpòtan ki nesesè kòm yon pati nan aplikasyon an gen ladan yo, men yo pa limite a:

Bezwen èd?

Rele liy dirèk SBS la nan 888- SBS -4NYC (888-727-4692) oubyen kontakte nou sou entènèt .

Aplike pou Pwogram Sibvansyon Relokasyon Biznis Gowanus la