Depatman Sèvis pou Ti Biznis nan Vil NYC la ofri resous gratis pou ede w kòmanse yon biznis nan Vil Nouyòk.
Sant Solisyon Biznis NYC nou yo (ki sitiye nan tout senk awondisman yo) ka ede w:
- Konekte ak sèvis legal endividyèl gratis pou chwazi yon estrikti legal, reponn kesyon, revize lwa travay yo, ak plis ankò
- Jwenn èd legal gratis ak yon pwoblèm lokasyon komèsyal
- Asire finansman an sa bon pou biznis ou
- Louvri kont labank epi angaje yon kontab ak/oswa yon moun ki kenbe liv.
- Aplike pou ankourajman pou diminye depans fonksyònman yo
- Jwenn bon anplwaye yo pou biznis ou
- Prepare biznis ou pou ijans inatandi
Ekip Sèvis Eksprès Biznis NYC nou an ( NYC BEST ) ka ede w jwenn lisans ak pèmi pi vit + evite/diminye amann ak vyolasyon.
Rele liy dirèk nou an nan 888- SBS -4NYC (888-727-4692) oubyen ranpli fòm sa a pou mande yon konsiltasyon biznis gratis .
Mande yon Konsiltasyon Biznis Gratis