Ale nan kontni prensipal la

Pwogram Asistans Lwaye Komèsyal

Asistans legal gratis pou pwopriyetè ti biznis ki gen pwoblèm kontra lwaye

Si biznis ou bezwen èd ak yon pwoblèm kontra lwaye komèsyal nan Vil NYC, ou ka kalifye pou sèvis legal gratis.

Gen sèvis legal gratis ki disponib pou ede biznis ki elijib yo:*

  • Siyen yon nouvo kontra lwaye komèsyal
  • Amende, renouvle, oswa mete fen nan yon kontra lwaye komèsyal ki egziste deja
  • Adrese yon pwoblèm komèsyal ki gen rapò ak lokasyon

*Pou kalifye pou sèvis legal gratis, biznis ou dwe:

  1. Fè yon ti biznis dapre US Small Business Services Administration
  2. Ou dwe lokalize nan vil NYC
  3. Pa dwe yon etablisman franchiz
  4. Satisfè kondisyon kalifikasyon revni founisè sèvis legal la
MANDE ASISTANS LWAYE KOMERSYAL

Remak: W ap bezwen konekte nan kont SBS Connect ou oswa kreye yon nouvo kont, apresa chwazi "Aplike" anba Asistans Lwaye Komèsyal.

Patisipe nan yon webinar k ap vini oswa klinik