Ale nan kontni prensipal la

M/WBE Mentors

Mentors pou M/WBEs

Aksè nan sipò kominotè, rezo endistri yo, ak konsèy se kle nan siksè yon pwopriyetè biznis.

Pwogram M/WBE Mentors, Department of Small Business Services NYC (SBS) ofri, se premye pwogram konsèy parèy pou Antrepriz Biznis yo ki sètifye pou Minorite ak Fanm Vil NYC (M/WBEs).

Si w se yon M/WBE sètifye nan vil NYC, pwogram M/WBE Mentors ap ede w:

  • Aprann nan men M/WBE yo ki te reyisi nan kontra sektè piblik.
  • Bati rezo pwofesyonèl ou yo.
  • Elaji aksè ou a resous ak opòtinite kontra.

Seri evènman ki konsantre sou endistri nou an prezante antreprenè ki gen anpil siksè ki reprezante yon varyete endistri ak orijin. Mentor sa yo bay konpreyansyon parèy yo bezwen pou yo reyisi epi trase pwòp chemen kwasans yo atravè kontra gouvènman an.

Mentors M/WBE yo se Antrepriz Biznis Minorite ak/oswa Fanm ki sètifye nan vil NYC (M/WBEs) ki te fè kontra avèk ajans vil NYC yo ak lòt antite sektè piblik vil NYC pandan plizyè ane ki sot pase yo. Yo reprezante plizyè sektè endistri nan konstriksyon, machandiz, ak sèvis yo.

Rankontre konseye nou yo (PDF)

Enskri pou w patisipe yon evènman M/WBE Mentors k ap vini (Chache “M/WBE Mentors”).

Si w gen kesyon oswa ou vle asire w ou pa rate evènman M/WBE Mentors k ap vini yo, kontakte ekip nou an.