Ale nan kontni prensipal la

Repons ak Rekiperasyon Ijans

Fè eksperyans yon Ijans

Rele 911 si w ap fè eksperyans yon ijans, an danje imedya, oswa si w gen yon blesi grav oswa kondisyon medikal.

Department of Small Business Services NYC (SBS) kapab sipòte biznis ou anvan, pandan, ak apre yon ijans oswa lòt dezòd nan operasyon ou.

Repons pou Ijans

SBS ka ede w retounen nan biznis apre yon ijans - gratis. Ekip nou an travay kole kole ak NYC Emergency Management ak lòt ajans kle Vil NYC pou evalye enpak biznis ou a epi ede w retabli operasyon yo pi vit posib.

Si yon ijans afekte biznis ou, nou kapab:

  • Bay ou dènye enfòmasyon ijans yo sou fèmti lari yo, dezòd sèvis piblik yo, sekirite ak demolisyon yo.
  • Ede w jwenn aksè nan lokal biznis ou a epi rekipere atik ki ka sove w yo yon fwa ke Department of Buildings NYC ak Depatman Ponpye nan New York (FDNY)deklare lokal ou an sekirite.
  • Kowòdone ak Depatman Lapolis Vil NYC ak lòt sekouris ijans pou asire w kote biznis ou an sekirite epi anpeche pèt.
  • Konekte ou ak òganizasyon biznis lokal yo pou posib asistans demenajman.
  • Ede akselere re-enspeksyon, aplikasyon, ak pwosesis pèmi pou retabli operasyon biznis ou.
  • Konekte ou ak yon avoka pou jwenn konsèy legal gratis sou kontra lwaye biznis ou a pou detèmine kijan yo ka afekte pa yon ijans.

Rekiperasyon Ijans

Apre yon ijans te afekte biznis ou, ekip SBS a kapab:

KONTAKTE NOU POU PLIS ENFÒMASYON